Byenvini e felisitasyon paskew' vle entegre yonn nan meyè akademi moman-an kote w'ap jwenn tout konesans de baz k'ap pèmèt ou genyen ase kapasite pouw' entegre mond dijital la pouw' jwi anpil opòtinite entènèt la ofri nou. San dout ou konnen kèk moun ki deja fè anpil lajan sou entènèt la nan vann pwodwi oubyen sèvis yo. Li posib pouw' genyen plis kapasite ke anpil nan yo men siw' pa janm eseye ou pap janm wè siw' te dwe gentan ap domine entènèt la deja pouw' fè kòb. Jodi-a se moman pouw' kòmanse paske, se moman pouw' eseye menm jan moun ki ap fè kòb yo te deside eseye yon jou tankou jodi-a. Akademi an genyen yon fòmasyon konplè kote w'ap kapab aprann:

Nan moman an, anpil moun anvi genyen yon boutik an liy pou yo ta ap vann pwodwi menm jan anpil moun deja ap fèl, oubyen yo ta renmen ap vann sèvis yo. Dezole yo poko kapab reyalize rèv sa-a akoz yo pa genyen okenn konesans nan teknoloji. Jiskamentnan li posib pou ou zanmim', gras ak gran fòmasyon akademi an ofriw' pouw' yonn nan pwochen moun ki pral itilize entènèt la pouw' travay. N.B.: Nou pap montrew' kreye boutik men se pito ba ou tout konesans w'ap bezwen pouw' domine prèske tout sa anpil moun deja ap domine epi fè kòb nan vann sèvis oubyen pwodwi sou entènèt.


Chak jou ki pase,entènèt vin yonn nan zouti endispansab ki ofriw' posibilite pou'w kapab:
1) Travay pi senp
2) Administre tan ou
3) Kreye pwòp biznis ou san lokal fizik
4) Vann pwodwi san ou pa bezwen genyen pwòp stock pa ou
5) Genyen yon revni mansyèl ki pa limite

Aktyèlman, se ak anpil fyète pou nou felisite plizyè ayisyen / ayisyèn ki deja genyen pwòp pwodwi dijital pa yo ki deja ap vann sou HOTMART. Yonn nan pi gran platfòm kote plis ke yon milyon moun ap achte epi vann pwodwi dijital. Ou kapab yonn nan pwochen moun ki pral domine platfòm sa-a gras ak fòmasyon 100% pratik sa-a.

Entegrasyon, asistans ak garanti

Entegrasyon

Pou'w kòmanse w'ap achte fòmasyon-an sou HOTMART, yon platfòm kote fòmasyon an disponib. Nan moman w'ap peye plan an, asirew' ou genyen yon e-mail ki fonksyonèl pouw' ajoute pouw' kapab jwenn notifikasyon ke ou entegre akademi-an pouw' kòmanse etidye. Ou kapab etidye nan orè ki bon pou-ou.Fòmasyon-an disponib sou yon platfòm ki prestijyez, sa vle di li ranpli tout kondisyon ki pèmèt li jwenn konfyans menm jan ak tout lòt antrepriz k'ap evolye sou menm platfòm lan. N.B. :Ou genyen 7 jou garanti pou siw' ta remake ou pa satisfè pouw' mande ranbouseman kòb ou te envesti-a.

Kominote

Akademi-an kreye yon kominote solid sou whatsapp ki vrèman gran epi ki aktif kote tout etidyan ak manb akademi-an reyini pou nou travay ansanm. Se yon espas kote ou kapab prezante travay ou reyalize aprè chak leson ou fin aprann,ou kapab poze kesyon sou sa ou manke konprann epi prezante bèl travay w'ap reyalize pandan moman aprantisaj ou.Priyorite Akademi-an se wè kijan talan ou ap enspire lòt moun ki ta vle entegre mond dijital la pou yo jwi avantaj ki genyen nan entènèt.

Coaching

Akademi-an òganize 2 seyans Coaching chak semèn kote PDG akademi-an ak lòt pwofesyonèl ke akademi-an deja fòme reyini ak tout etidyan yo pou revize travay pratik yo epi korije sa ki mande korije nan fason pou'w kapab travay tankou yon vrè pwofesyonèl. Nan seyans sa yo w'ap jwenn chans prezante tout saw' gentan kapab fè kòm travay pratik epi pwofite prezante difikilte ou ta rankontre nan kèk leson pou nou kapab rezoud yo ak ou nan menm moman-an.

Nenpòt kotew' ye, ou kapab mande ranbouseman kòb plan entegrasyon ou te chwazi-a siw' ta remake ou pa satisfè. Lèw' fin peye plan an ou genyen yon peryòd 7 jou pou'w fè sa si tout fwa ou pa ta satisfè de akademi an. N'ap pwofite raplew' ke mwayen pèman ki aksepte yo se:
1) Carte débit
2) Carte crédit
3) Paypal
4) Pix ( Siw' Brezil )

Se fason nou ansenye ki koz nou san fwontyè.

Image de 100% pratik

100% pratik

Image de Plis pase 1000 etidyan nan plis ke 10 peyi deja temwanya satisfaksyon yo.

Plis pase 1000 etidyan nan plis ke 10 peyi deja temwanya satisfaksyon yo.

Image de Sèvis asistans 24/7

Sèvis asistans 24/7

"Peye yon fòmasyon jodia pa yon depans men se pito yon envestisman k'ap ba ou yon sous revni inepwizab. Menm si mwayen ekonomik ou piti,depi rèv ou gran, sa deja sifi pouw' reyalize anpil bagay.
































Technoentrepreneuriat

Technoentrepreneuriat.com | tout droit réservé

Retour en haut